1Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije. 2Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo? 3Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo! 4Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo. 5Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò! 6Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye. 7Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf. 8Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.