1David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. 2Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil! 3Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'! 4Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo. 5Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen. 6Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen. 7Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou. 8Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo. Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.