1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn. 2Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou. 3Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante. 4Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou. 5Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak. 6Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen. 7Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li. 8Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!