1Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa. 2Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an, 3yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an. 4Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou. 5Wi, lavalas ta pote nou ale. 6Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou. 7Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale. 8Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.