1Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou! 2Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 3Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 4Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 5Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'. 6Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'? 7Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo. 8Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun. 9Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf. 10Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 11Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 12Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 13Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou. 14Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. 15Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li. 16Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li. 17Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen. 18Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'. 19Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi. 20Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'. 21Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'. 22Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. 23Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa! 24Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan! 25Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè! 26Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou. 27Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la. 28Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa! 29Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!