1Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. 2Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'. 3Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn. 4Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non! 5Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè. 6Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. 7Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen. 8Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite. 9Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo. 10Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen! 11menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans! 12Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo? 13M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi. 14Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a. 15Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri! 16Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo. 17M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi. 18-(we vèsè pwochen) 19Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!