1Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li! 2Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan. 3Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a! 4Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la. 5Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt. 6Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a. 7Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè. 8Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a. 9Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!