1Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini. 2Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo. 3Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan. 4Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè. 5Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an. 6Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo. 7L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo. 8Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre. 9Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li! 10Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.