1Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! 2Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo, 3li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid. 4Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete. 5Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò. 6Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 7Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete. 8Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun. 9Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje. 10Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, 11paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo. 12Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men. 13Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 14Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo. 15Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 16Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo. 17Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal. 18Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri. 19Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 20Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a. 21Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 22Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan. 23Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv. 24Yo te wè sa Seyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè. 25Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move. 26Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo. 27Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo. 28Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 29Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt. 30Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Seyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo t'aprale a. 31Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 32Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo. 33Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò. 34Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste. 35Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk. 36Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete. 37Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt. 38Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple. 39Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri, yo te nan mizè. 40Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a, 41se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini. 42Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen. 43Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè!