1Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. 2Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou. 3Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou. 4Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo. 5Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje. 6Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn. 7Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze. 8Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay. 9Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman. 10Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè. 11Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen. 12Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb. 13Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou! 14W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive. 15Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini. 16Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li. 17Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa. 18L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo. 19Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li. 20Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè, 21pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo. 22Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm, 23lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a. 24Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'. 25Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou. 26Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la. 27Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote. 28Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri. Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.