1Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou. 2Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal. 3Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont. 4Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'. 5Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò. 6Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans. 7Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo. 8Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen. 9Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li? 10Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. 11Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon. 12Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande. 13Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje. 14Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè. 15Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè. 16Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye. 17Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan. 18Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè. 19Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp. 20Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan. 21Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou. 22Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou. 23Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans. 24Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi? 25Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita. 26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo. 27Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè. 28Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri. 29Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'. 30Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.