1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Pale ak Arawon. W'a di l' konsa: Lè l'ap fè moute sèt ti lanp yo sou pye gwo lanp sèt branch lan, ranje yo yon jan pou yo klere sou devan gwo lanp sèt branch lan. 3Arawon swiv lòd Seyè a te bay Moyiz la: li fè moute ti lanp yo pou yo ka klere sou devan gwo lanp sèt branch lan. 4Men ki jan gwo lanp lan te fèt: tout kò a nèt te fèt ak pi bon lò ki genyen. Yo te fè depi pye gwo lanp lan jouk flè yo nan yon sèl gwo moso lò, dapre modèl Seyè a te fè Moyiz wè nan vizyon an. 5Seyè a pale ak Mwiz, li di l' konsa: 6-Wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la. Mete yo nan kondisyon pou yo ka fè sèvis pou mwen. 7Men ki jan w'a fè l': W'a pran nan dlo pou wete peche a, w'a voye l' sou yo. Apre sa, y'a koupe cheve ak pwal sou tout kò yo nèt, epi y'a lave rad ki sou yo. Se konsa y'a nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. 8Apre sa, moun Levi yo va pran yon jenn ti towo ansanm ak ofrann grenn jaden ki pou mache avè l' la, ki vle di ti gout farin frans melanje ak lwil. Ou menm, w'a pran yon dezyèm ti towo tou jenn pou ou touye pou repare sa yo fè ki mal. 9Apre sa, w'a fè moun Levi yo pwoche dèvan pòt Tant Randevou a, epi w'a fè tout moun pèp Izrayèl yo sanble. 10Y'a poze men yo sou tèt moun Levi yo. 11Lèfini, Arawon va pran moun Levi yo, l'a vire yo adwat, l'a vire yo agoch devan mwen menm, Seyè a, tankou yon ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo ap fè m' pou moun Levi yo ka fè sèvis mwen. 12Apre sa, moun Levi yo va poze men yo sou tèt ti towo bèf yo, w'a ofri yonn pou mande padon pou peche yo, w'a ofri lòt la pou yo boule nèt pou mwen. Se konsa y'a fè sèvis pou mande m' gras pou moun Levi yo. 13Mete moun Levi yo apa tankou yon kado espesyal moun yo fè m'. Mete yo sou zòd Arawon ak pitit gason l' yo. 14W'a wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, konsa moun Levi yo va pou mwen nèt ale. 15Lè w'a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w'a fin vire yo adwat agoch devan m', tankou yon kado espesyal moun yo fè m', y'a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a. 16N'a wete yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, n'a fè m' kado yo nèt. Mwen va pran yo pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. 17Paske, tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo ak tout premye ti mal bèt yo fè se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit moun peyi Lejip yo, wi depi jou sa a mwen mete premye pitit nou yo apa pou mwen. 18Koulye a, mwen pran moun Levi yo nan plas premye pitit moun pèp Izrayèl yo. 19Mwen pran moun Levi yo tankou yon kado moun yo fè m', mwen renmèt yo nan men Arawon ak pitit gason l' yo pou yo fè travay moun Izrayèl yo gen pou yo fè nan Tant Randevou a, pou mande Bondye gras pou pèp la. Konsa, okenn malè p'ap rive tonbe sou pèp la paske yo p'ap janm bezwen pwoche twò pre kote ki apa nèt pou mwen nan tanp lan. 20Se konsa, Moyiz, Arawon ak tout pèp Izrayèl la mete moun Levi yo apa nèt pou Seyè a, jan li te bay Moyiz lòd la. Wi, yo te fè tou sa pou yo te fè pou moun Levi yo. 21Moun Levi yo fè sèvis pou peye pou tou sa yo te fè ki mal, yo lave rad ki sou yo. Arawon mete yo apa devan Seyè a, li vire yo adwat agoch devan Seyè a tankou yon kado espesyal pou Bondye, epi li fè sèvis pou mande gras pou yo te ka nan kondisyon sèvi Bondye. 22Apre sa, moun Levi yo antre al fè travay yo nan Tant Randevou a sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Se konsa pèp la te fè pou moun Levi yo tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. 23Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l' konsa: 24-Sa mwen pral di ou la a, se pou moun Levi yo: Depi yo rive laj vennsenkan y'a fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. 25Lè y'a gen senkantan, y'a pran retrèt yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò nan tant lan. 26Men, y'a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w'a bay moun Levi yo travay pou yo fè.