1Jou Moyiz te fin moute kay Bondye a, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye, li fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye ansanm ak tout bagay ki mache avè l' nan tant lan, lotèl la ak tout bagay ki sèvi sou lotèl la. 2Apre sa, chèf fanmi moun Izrayèl yo, chèf douz branch fanmi pèp Izrayèl la, vin pote ofrann yo. Se chèf sa yo ki te reskonsab fè resansman an. 3Men sa yo te ofri bay Seyè a: sis kabwa ak douz towo bèf, ki vle di yon kabwa pou chak de chèf ak yon bèf pou chak chèf. Yo mennen yo devan kay Bondye a epi yo ofri yo bay Bondye. 4Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: 5-Ou mèt asepte kado sa yo nan men yo. W'a sèvi ak yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. W'a bay moun fanmi Levi yo kabwa yo, dapre travay ki sou kont yo. 6Se konsa, Moyiz pran kabwa yo ak bèf yo, li bay moun Levi yo. 7Li bay moun fanmi Gèchon yo de kabwa ak kat bèf, dapre travay li konnen ki sou kont yo. 8Li bay moun fanmi Merari yo kat kabwa ak wit bèf, dapre travay li konnen ki sou kont yo, travay pou yo fè sou lòd Itama, pitit Arawon, prèt la. 9Men li pa bay noun Keyat yo anyen, paske se sou zepòl yo pou yo pote tout bagay ki nan kote ki apa nèt pou Bondye a. 10Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la. 11Seyè a di Moyiz konsa: -Chèf yo va pote ofrann yo pou sèvis y'ap fè pou mete lotèl la apa pou mwen. Y'a vini yonn apre lòt, yonn chak jou. 12Chèf yo vini vre, yo fè ofrann yo yonn apre lòt. Premye jou a, se te tou pa Nakchon, pitit gason Aminadab la, chèf branch fanmi Jida a. 13Men sa li te ofri: yon bòl an ajan ki peze twa liv enka, yon plat an ajan ki peze yon liv twaka, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. Ni bòl la ni plat la te plen farin frans melanje ak lwil ki te sèvi pou ofrann grenn jaden yo. 14Li te ofri tou yon kiyè an lò, ki peze yon ka liv, plen lansan, 15yon jenn ti towo bèf, yon belye mouton ak yon ti mouton ki poko gen ennan, tou sa pou yo boule nèt pou Seyè a. 16Li te ofri ankò yon bouk pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal, 17de towo, senk belye, senk bouk, senk ti mouton ki poko gen ennan pou ofrann pou di Bondye mèsi. Se ofrann sa a Nakchon, pitit gason Anminadab la, te ofri bay Seyè a. 18Dezyèm jou a, se te tou pa Netanèl, pitit gason Zwa a, chèf branch fanmi Isaka a. 19Li ofri menm bagay ak Nakchon. 20Li ofri menm bagay ak Nakchon. 21Li ofri menm bagay ak Nakchon. 22Li ofri menm bagay ak Nakchon. 23Li ofri menm bagay ak Nakchon. 24Twazyèm jou a, se te tou pa Eliyab, pitit gason Elon an, chèf branch fanmi Zabilon an. 25Li ofri menm bagay ak Nakchon. 26Li ofri menm bagay ak Nakchon. 27Li ofri menm bagay ak Nakchon. 28Li ofri menm bagay ak Nakchon. 29Li ofri menm bagay ak Nakchon. 30Katriyèm jou a, se te pou pa Elizou, pitit gason Chedeyou a, chèf branch fanmi Woubenn lan. 31Li ofri menm bagay ak Nakchon. 32Li ofri menm bagay ak Nakchon. 33Li ofri menm bagay ak Nakchon. 34Li ofri menm bagay ak Nakchon. 35Li ofri menm bagay ak Nakchon. 36Senkyèm jou a, se te tou pa Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, chèf branch fanmi Simeyon an. 37Li ofri menm bagay ak Nakchon. 38Li ofri menm bagay ak Nakchon. 39Li ofri menm bagay ak Nakchon. 40Li ofri menm bagay ak Nakchon. 41Li ofri menm bagay ak Nakchon. 42Sizyèm jou a, se te tou pa Elyasaf, pitit gason Dewèl la, chèf branch fanmi Gad la. 43Li ofri menm bagay ak Nakchon. 44Li ofri menm bagay ak Nakchon. 45Li ofri menm bagay ak Nakchon. 46Li ofri menm bagay ak Nakchon. 47Li ofri menm bagay ak Nakchon. 48Setyèm jou a, se te tou pa Elichama, pitit gason Amiyoud la, chèf branch fanmi Efrayim lan. 49Li ofri menm bagay ak Nakchon. 50Li ofri menm bagay ak Nakchon. 51Li ofri menm bagay ak Nakchon. 52Li ofri menm bagay ak Nakchon. 53Li ofri menm bagay ak Nakchon. 54Uityèm jou a, se te tou pa Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, chèf branch fanmi Manase a. 55Li ofri menm bagay ak Nakchon. 56Li ofri menm bagay ak Nakchon. 57Li ofri menm bagay ak Nakchon. 58Li ofri menm bagay ak Nakchon. 59Li ofri menm bagay ak Nakchon. 60Nevyèm jou a, se te tou pa Abidan, pitit gason Gideyoni an, chèf branch fanmi Benjamen an. 61Li ofri menm bagay ak Nakchon. 62Li ofri menm bagay ak Nakchon. 63Li ofri menm bagay ak Nakchon. 64Li ofri menm bagay ak Nakchon. 65Li ofri menm bagay ak Nakchon. 66Dizyèm jou a, se te tou pa Ayezè, pitit gason Amichadayi a, chèf branch fanmi Dann lan. 67Li ofri menm bagay ak Nakchon. 68Li ofri menm bagay ak Nakchon. 69Li ofri menm bagay ak Nakchon. 70Li ofri menm bagay ak Nakchon. 71Li ofri menm bagay ak Nakchon. 72Onzyèm jou a, se te tou pa Pagiyèl, pitit gason Okran an, chèf branch fanmi Asè a. 73Li ofri menm bagay ak Nakchon. 74Li ofri menm bagay ak Nakchon. 75Li ofri menm bagay ak Nakchon. 76Li ofri menm bagay ak Nakchon. 77Li ofri menm bagay ak Nakchon. 78Douzyèm jou a, se te tou pa Ayira, pitit gason Enan an, chèf branch fanmi Neftali a. 79Li ofri menm bagay ak Nakchon. 80Li ofri menm bagay ak Nakchon. 81Li ofri menm bagay ak Nakchon. 82Li ofri menm bagay ak Nakchon. 83Li ofri menm bagay ak Nakchon. 84Men ofrann tout chèf yo te pote pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a: douz bòl an ajan, douz plat an ajan, douz kiyè an lò. 85Chak bòl an ajan te peze twa liv enka, chak plat an ajan te peze yon liv twaka. Sa te fè antou swasant liv ajan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. 86Chak kiyè an lò pou lansan an te peze yon ka liv, dapre sistèm pèz yo sèvi nan kay Bondye a. Sa te fè antou pou douz kiyè yo twa liv lò. 87Men kantite bèt yo te ofri antou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ki mache ak yo: douz towo, douz belye, douz ti mouton ki poko gen ennan. Yo te bay douz bouk tou pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal. 88Men kantite bèt yo te ofri an total pou di Bondye mèsi: vennkat jenn ti towo, swasant belye, swasant bouk ak swasant ti mouton ki poko gen ennan. Se ofrann sa a yo te fè pou mete lotèl la apa nèt pou sèvis Seyè a, apre yo te fin vide lwil sou li. 89Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.