1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Ou pral chwazi douz nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wè ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayèl yo. 3Dapre lòd Moyiz te resevwa nan men Seyè a, li pran douz gason ki te chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. Antan li te nan dezè Paran an, li voye yo al rekonèt peyi a. 4Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a. 5Pou branch fanmi Simeyon an, se te Chafa, pitit gason Ori a. 6Pou branch fanmi Jida a, se te Kalèb, pitit gason Jefoune a. 7Pou branch fanmi Isaka a, se te Jigal, pitit gason Jozèf la. 8Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Noun lan. 9Pou branch fanmi Benjamen an, se te Palti, pitit gason Rafou a. 10Pou branch fanmi Zabilon an, se te Gadiyèl, pitit gason Sodi a. 11Pou branch fanmi Jozèf la, nan branch Manase a, se te Gadi, pitit gason Souzi a. 12Pou branch fanmi Dann lan, se te Amiyèl, pitit gason Jemali a. 13Pou branch fanmi Asè a, se te Setou, pitit gason Mikayèl la. 14Pou branch fanmi Neftali a, se te Nakbi, pitit gason Wopsi a. 15Pou branch fanmi Gad la, se te Geouyèl, pitit gason Maki a. 16Se te non douz mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi Kanaran an. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun lan, li rele l' Jozye. 17Lè Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: -Moute nan peyi a. N'a pase pa Negèv la, n'a pran chemen mòn pou nou. 18Ale gade peyi a. Chache konnen ki jan li ye, ki kalite moun ki rete ladan l', konbe yo ye, ak ki fòs yo. 19Chache konnen si tè a se yon bon tè osinon yon move tè, si moun yo rete nan lavil ki gen ranpa pou pwoteje yo osinon nan kan anba tant twal. 20Chache konnen si peyi a rich osinon pòv, si gen anpil pyebwa sou tè a ou si pa genyen. Nou pa bezwen pè anyen. Lè n'ap tounen, pote kèk nan fwi ki donnen laba a. Se te sezon rezen te konmanse ap mi. 21Se konsa mesye yo moute, y' al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezè Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyòb toupre pas Amat la, nan nò. 22Yo travèse zòn Negèv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fè pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati sètan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip. 23Yo rive nan ravin Echkòl, yo koupe yon branch rezen ki te gen yon sèl gwo grap rezen nan li. Yo mete l' sou yon gòl pou de moun te ka pote l' sou zepòl yo, si tèlman li te lou. Yo pote grenad ak fig frans tou. 24Yo rele kote sa a Ravin Echkòl, poutèt gwo grap rezen moun pèp Izrayèl yo te koupe la a. 25Apre karant jou, lè yo fin vizite toupatou nan peyi a, yo tounen, 26yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo Kadès, nan dezè Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wè, yo moutre yo fwi yo te pote yo. 27Yo di Moyiz konsa: -Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l'. 28Men, moun ki rete nan peyi a gwonèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun gwonèg bèl wotè. 29Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an. 30Kalèb fè moun yo sispann bougonnen sou do Moyiz, li di yo konsa: -Ann moute koulye a. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fè! 31Men mesye ki te moute ansanm ak Kalèb yo di konsa: -Non. Nou pa ka al atake moun sa yo. Yo pi fò pase nou. 32Se konsa yo pran pale mal sou peyi yo te al vizite a devan pèp Izrayèl la. Yo t'ap di: -Peyi nou ta l' vizite a, peyi nou ta l' chache konnen an, se yon peyi ki pa menm bay kont manje pou moun k'ap viv sou li yo. Epi, tout moun nou wè la se moun ki wo anpil. 33Sa ki pi rèd, nou wè yon kalite gwonèg bèl wotè, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tèlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo.