1Jezi antre Jeriko, li t'ap travèse lavil la. 2Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich. 3Li t'ap chache wè ki moun Jezi ye. Men, li te yon nonm ti tay. Akòz foul moun yo, li pa t' kapab rive wè li. 4Li pran kouri devan; li moute sou yon pye sikomò pou l' wè Jezi ki te gen pou l' te pase bò la. 5Lè Jezi rive la, li leve je l' anlè, li di l': Zache, fè vit desann. Fòk mwen fè ladesant lakay ou jòdi a. 6Zache prese desann, li resevwa Jezi ak kè kontan. 7Lè yo wè sa, tout moun pran babye, yo t'ap di: Men nonm lan fè ladesant kay yon nonm ki plen peche. 8Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè. 9Jezi di li: Jòdi a, kay sa a delivre paske nonm sa a se yon pitit Abraram li ye tou. 10Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo. 11Apre sa, Jezi rakonte yon parabòl pou moun ki te fèk tande pawòl sa yo. Paske li te toupre lavil Jerizalèm lan, yo te kwè gouvènman Bondye ki Wa a tapral parèt touswit. 12Men sa l' di yo: Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l' otorite pou l' wa, apre sa pou l' te tounen lakay li ankò. 13Anvan li ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen. 14Men, pwòp moun peyi l' yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l' pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou. 15Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l' wa, epi l' tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l': li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè. 16Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò. 17Wa a di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen. 18Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès. 19Wa a di l': Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil. 20Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l' nan yon mouchwa. 21Mwen te pè ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekòlte sa ou pa simen. 22Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m' se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m' pa simen, 23poukisa ou pa t' mete lajan m' labank; lè m' ta tounen, mwen ta wete l' ak yon enterè. 24Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li. 25Yo di l': Men, monwa, li gen dis pyès deja. 26Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an. 27Kanta lènmi m' yo ki pa t' vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen. 28Apre Jezi fin pale konsa, li pran mache devan yo pou li al Jerizalèm. 29Lè Jezi rive toupre Betfaje ak Betani, bò ti mòn Oliv la, li pran de nan disip li yo, li voye yo devan, 30li di yo konsa: Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare; pesonn pa kò janm moute sou li. Lage l', mennen l' ban mwen. 31Nenpòt moun ki mande nou: Poukisa n'ap lage l'? N'a reponn: Se Mèt la ki bezwen li. 32De disip yo ale; yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. 33Pandan y'ap lage ti bourik la, mèt li di yo: Poukisa n'ap lage ti bourik la? 34Yo reponn: Se Mèt la ki bezwen li. 35Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do ti bourik la, yo fè Jezi moute sou li. 36Pandan Jezi t'ap vanse sou bourik la, moun yo tann rad yo atè sou tout chemen an. 37Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè. 38Yo t'ap di: benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye! 39Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non. 40Jezi reponn: M'ap di nou sa: si yo pe bouch yo, wòch yo va pran rele. 41Lè Jezi rive toupre lavil la, li wè l', li pran kriye sou li, 42li di: Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, koulye a, yo kache; ou pa kapab wè yo! 43Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò. 44Y'a detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t' rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a. 45Jezi antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo. 46Li di yo: Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyè nan pye m'; men, nou menm, nou fè l' tounen kachèt vòlè. 47Chak jou, Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf pèp la t'ap chache ki jan pou yo touye li. 48Men, yo pa t' kapab jwenn yon jan pou yo te fè sa, paske tout pèp la t'ap koute sa l' t'ap di san yo pa pèdi yon mo.