1Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale. 2Li di yo: Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l' voye travayè nan jaden l' lan. 3Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon. 4Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pesonn bonjou nan chemen an. 5Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la. 6Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou. 7Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt. 8Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou. 9Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou. 10Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa: 11Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou. 12M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap peni lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm. 13Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se te nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita atè, yo ta mete rad sak sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye. 14Se poutèt sa, jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon. 15Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la; enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a. 16Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse. 17Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo. 18Jezi di yo: Mwen te wè Satan ap tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè. 19Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal. 20Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la. 21Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li. 22Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li. 23Apre sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo: benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a. 24Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li. 25Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pèlen li di l' konsa: Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? 26Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li? 27Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. 28Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fè sa, wa gen lavi. 29Men, dirèktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, kifè li mande Jezi: Ki moun ki frè parèy mwen? 30Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l', yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mò. 31Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. 32Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. 33Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l' fè l' mal lè li wè nonm lan. 34Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotèl kote li pran swen li. 35Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m' tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li. 36Apre sa, Jezi di nonm lan: Dapre ou, nan twa moun sa yo, kilès ki te moutre li se frè parèy nonm ki te tonbe nan men ansasen yo? 37Dirèktè lalwa a reponn: Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: Ale, fè menm bagay la tou. 38Jezi al fè wout li ansanm ak disip li yo. Li antre nan yon ti bouk kote yon fanm yo rele Mat resevwa l' lakay li. 39Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t'ap koute pawòl li yo. 40Mat menm t'ap fatige kò l' ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini, li di: Mèt, sa pa fè ou anyen pou ou wè sè m' lan kite m' ap fè tout travay la pou kont mwen? Manyè di l' ede m' non. 41Jezi reponn li: Mat, Mat. W'ap trakase tèt ou, w'ap bat kò ou pou yon bann bagay. 42Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se li Mari chwazi, yo p'ap janm wete l' nan men li.