1Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo. 2Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'. 3Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete. 4Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'. 5Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon. 6Li fè m' rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo. 7Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn. 8Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'. 9Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m' vire, chak pa mwen fè, m' bite. 10Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen. 11Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'. 12Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo. 13Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'. 14Tout moun nan peyi a ap pase m' nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen. 15Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou. 16Li fwote tout figi m' atè, li fè m' kase dan m' nan wòch. 17Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan. 18Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye. 19Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale. 20Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache 21Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay. 22Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou. 23Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li. 24Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'. 25Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li. 26Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou. 27Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn. 28Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen. 29Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou. 30Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou. 31Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt. 32Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil. 33Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn. 34Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton, 35lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou, 36lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen! 37Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt. 38Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa. 39Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè! 40Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye! 41Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'! 42Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou. 43Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou. 44Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou. 45Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo. 46Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou. 47N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè! 48De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an! 49Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann, 50jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè! 51Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo! 52Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran. 53Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch. 54Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran! 55Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou! 56Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou. 57Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè! 58Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'. 59Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen. 60Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'. 61Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'. 62Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan. 63Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'! 64Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè. 65Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo! 66Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!