1Moun pèp Izrayèl yo te bat tout wa ki te rete lòt bò larivyè Jouden yo, sou bò solèy leve. Epi yo pran tout peyi wa sa yo nan men yo, ki vle di tout zòn lan nèt, depi ravin Anon an, moute nan fon Jouden an, jouk nan pye mòn Emon. 2Men wa yo te kraze yo: Se te Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon. Peyi li t'ap gouvènen an te pran depi nan fon ravin Anon an moute Awoyè ki sou bò ravin lan, rive larivyè Jabòk sou fwontyè moun Amon yo, ki vle di mwatye nan peyi Galarad la. 3Li te gouvènen zòn ki sou bò lès fon Jouden an tou, depi letan Kinerèt la desann sou lanmè Mouri a, nan direksyon Bèt-Jechimòt jouk nan pye mòn Pisga a. 4Yo te kraze Og, wa peyi Bazan an tou. Se te yonn nan dènye refayim yo. Li te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi. 5Peyi li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fwontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon. 6Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak pèp Izrayèl la ki te kraze wa sa yo. Apre sa, Moyiz, sèvitè Seyè a, te pran tout peyi sa yo li bay moun branch fanmi Woubenn lan, moun branch fanmi Gad la ak mwatye nan moun branch fanmi Manase a. 7Jozye ansanm ak pèp Izrayèl la te bat tout wa ki te rete nan zòn lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy kouche, depi lavil Baal-Gad nan fon Liban an jouk mòn Chòv la nan direksyon Seyi. Se tè wa sa yo Jozye te pran, li separe yo bay moun pèp Izrayèl yo pou byen pa yo. 8Tè sa yo te pran tout mòn yo, tout plenn yo, fon Jouden an, tout pye mòn yo, dezè a ak zòn Negèv la. Se sou tè sa yo moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo te rete. 9Men wa yo te kraze yo: wa lavil Jeriko, wa lavil Ayi, toupre Betèl, 10wa lavil Jerizalèm, wa lavil Ebwon, 11wa lavil Jamout, wa lavil Lakis, 12wa lavil Eglon, wa lavil Gezè, 13wa lavil Debi, wa lavil Gedè, 14wa lavil Oma, wa lavil Arad, 15wa lavil Libna, wa lavil Adoulam, 16wa lavil Makeda, wa lavil Betèl, 17wa lavil Tapwach, wa lavil Efè, 18wa lavil Afèk, wa lavil Sawon, 19wa lavil Madòn, wa lavil Azò, 20wa lavil Chimwon, wa lavil Mewòm, wa lavil Akchaf, 21wa lavil Tanak, wa lavil Megido, 22wa lavil Kadès, wa lavil Jokneyam nan zòn mòn Kamèl la, 23wa lavil Dò sou zòn bò rivaj lanmè a, wa Goyim yo nan peyi Galile, 24wa lavil Tiza. Sa te fè antou tranteyen wa ki te peri.