1Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale. 2Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi. 3Jezi te konnen pou tèt pa l' li te soti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay. 4Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l' nan ren li. 5Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li kòmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l' lan. 6Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l' konsa: Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen? 7Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, wa konprann pita. 8Pye di li: Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: Si m' pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò. 9Simon Pyè di li: Si se konsa, Mèt, se pa pye m' ase pou ou lave. Lave men m' yo tou ansanm ak tèt mwen. 10Jezi di li: Lè yon moun fin benyen, tout kò l' pwòp. Se pye l' ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp. 11(Jezi te konnen ki moun ki tapral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.) 12Lè l' fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m' sot fè la a? 13Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre. 14Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt. 15Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an. 16Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l' la. 17Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou. 18Lè m' di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m' lan, se li menm ki trayi mwen. 19M'ap tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a. 20Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m' tou. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan. 21Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l' te boulvèse anpil. Li di yo kareman: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. 22Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pa t' konnen ki moun li t'ap pale. 23Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li. 24Simon Pyè fè l' siy pou l' mande Jezi ki moun li t'ap pale. 25Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: Seyè, kilès sa a? 26Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la. 27Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: Sa ou gen pou fè a, fè l' vit. 28(Pesonn sou tab la pa t' konprann poukisa li te di l' sa. 29Anpil te fè lide Jezi te vle di l' al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l' bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.) 30Se konsa, Jida pran moso pen an; lamenm li soti. Te fin fè nwa deyò a. 31Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li. 32Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa. 33Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, koulye a m'ap di nou sa m' te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m' prale a. 34Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. 35Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. 36Simon Pyè mande li: Seyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: Kote m' prale a ou pa ka swiv mwen koulye a. Men, wa swiv mwen pita. 37Pyè di li: Seyè, poukisa m' pa kapab swiv ou koulye a? Mwen tou pare pou m' bay lavi m' pou ou. 38Jezi reponn li: Ou kwè ou pare vre pou bay lavi ou pou mwen? Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Kòk p'ap ankò chante, w'ap gen tan di ou pa janm konnen m' an twa fwa.