1Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa: 2-Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye? 3Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm. 4Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa. 5Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen. 6Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo. 7Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit. 8Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle. 9Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo. 10Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte. 11Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale. 12Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a? 13Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li. 14Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'? 15Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'. 16Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'. 17Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen. 18Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt. 19Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li? 20M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò. 21Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò! 22Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou. 23Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa. 24Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'? 25Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan. 26Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul. 27Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri, 28soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan. 29Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè? 30Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'. 31Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen. 32Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis. 33Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'. 34Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè. 35Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.