1Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: 2-Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? 3Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen. 4Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay! 5Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa? 6Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la? 7Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo. 8Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a? 9Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo, 10mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li. 11Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo. 12Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase? 13Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo? 14Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li. 15Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a. 16Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a? 17Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an? 18Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen! 19Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete, 20pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo? 21Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou! 22Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la? 23Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt? 24Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè? 25Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la, 26pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete, 27pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann? 28Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze? 29Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'? 30Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch? 31Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm? 32Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran? 33Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè? 34Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou? 35Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou? 36Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe? 37Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli, 38pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm? 39Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo, 40kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a? 41Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?