1Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache. 2Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde! 3Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè. 4Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw. 5Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann. 6Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe. 7Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'. 8Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich. 9Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò. 10Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas. 11Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen. 12Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè. 13Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou. 14Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen. 15Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo? 16Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès. 17Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou. 18Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè? 19Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'. 20Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'? 21Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò. 22Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè. 23Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan. 24Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.