1Eliyou pran lapawòl ankò, li di: 2-Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye, 3lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen. 4Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo. 5Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou! 6Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen? 7Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a? 8Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat. 9Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele. 10Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj. 11Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la. 12Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy. 13Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè. 14Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li. 15Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen. 16Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di.