1Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon. 2Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi. 3Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo. 4Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen. 5Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li. 6Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'! 7Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè! 8Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye. 9Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo. 10Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann. 11Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò. 12Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen. 13Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'. 14Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'. 15Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò? 16Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?