1Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa: 2-Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè. 3Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen. 4Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye. 5Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay. 6Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou. 7Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo? 8Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun? 9Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann? 10Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou. 11Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a. 12Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou! 13W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'. 14Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye? 15Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'. 16Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo! 17Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè. 18Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'. 19Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo. 20Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan. 21Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo. 22Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo. 23Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo. 24Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay. 25Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye. 26Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye. 27Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès! 28Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi. 29Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt. 30Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale. 31Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen. 32Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò. 33Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'. 34Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè. 35Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.