1M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen! 2M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa. 3Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo? 4Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la? 5Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la. 6W'ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal. 7Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou! 8Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò? 9Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè? 10Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen. 11Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po. 12Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri. 13Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen. 14Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen. 15Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou. 16Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn. 17Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt. 18Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'. 19Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m' pa t' janm fèt. 20Mwen pa rete lontan pou m' viv ankò. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non! 21Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a, 22nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!