1Moun fanmi Efrayim yo di Jedeyon konsa: -Poukisa ou pa t' rele nou depi lè ou tapral goumen ak moun peyi Madyan yo? Poukisa ou fè nou sa? Yo te fache anpil sou li. 2Men, li di yo: -Sa m' fè a pa ka parèt devan sa nou menm nou fè a! Ti sa nou menm moun Efrayim yo, nou fè a pi plis pase sa nou menm ti fanmi Abyezè a, nou fè! 3Bondye lage Orèb ak Zeyèb, de chèf moun Madyan yo, nan men nou. Kisa mwen fè ki ka parèt devan sa? Fini li fin di yo sa, mesye Efrayim yo pa fache sou li ankò. 4Jedeyon rive bò larivyè Jouden an avèk twasan mesye ki te avè l' yo. Yo janbe larivyè a. Apre tout kouri sa a yo te fè dèyè lènmi yo, yo te bouke anpil. 5Jedeyon pale ak moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Tanpri, bay mesye m' yo kèk moso pen pou yo manje. Yo bouke anpil. M'ap kouri dèyè Zebak ak Salmouna, wa moun Madyan yo. 6Men chèf lavil Soukòt yo di l' konsa: -Poukisa ou vle pou nou bay lame ou la manje! Ala ou poko mete men sou Zebak ak Salmouna! 7Jedeyon di yo: -Anhan! Se konsa! Bon! Lè Seyè a va fin lage Zebak ak Salmouna nan men mwen, m'ap tounen pou nou! M'ap filange nou ak fwèt pikan ak chadwon savann. 8Li kite lavil Soukòt, li moute lavil Penyèl. Li mande yo menm bagay la. Men, moun lavil Penyèl yo reponn li tankou moun lavil Soukòt yo. 9Jedeyon di yo: -Mwen gen pou m' tounen apre batay la! Lè sa a, m'ap kraze gwo fò won sa a. 10Zebak ak Salmouna te lavil Kakò avèk tout lame yo. Nan tout kantite sòlda moun dezè yo, te gen sanvenmil (120.000) sòlda ki te mouri. Te rete sèlman kenzmil (15.000) gason. 11Jedeyon pran wout ki pase nan dezè a, sou bò solèy leve lavil Nobak ak lavil Yogbeya, epi li tonbe sou lame a ki te kwè pa t' gen danje pou yo ankò. 12Zebak ak Salmouna, de wa Madyan yo, kouri met deyò. Jedeyon kouri dèyè yo, li mete men sou yo, li gaye tout lame a, li fè yo kraze rak. 13Lè Jedeyon, pitit Joas la, tounen soti nan lagè a, li pase sou ti mòn Erès la. 14Li fè yo mete men sou yon jenn gason ki te rete lavil Soukòt epi li keksyonnen l'. Jenn gason an ekri non swasanndisèt moun ki te otorite ak chèf fanmi lavil Soukòt li bay Jedeyon. 15Apre sa, Jedeyon al jwenn moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Nou chonje jan nou te joure m' pou Zebak ak Salmouna! Nou te di m' nou pa t' ka bay mesye m' yo moso pen pou yo manje atout yo te bouke, paske mwen pa t' ankò mete men sou Zebak ak Salmouna. Men yo tande! 16Lèfini, li pran branch pikan ak chadwon nan savann lan, li bat chèf lavil Soukòt yo byen bat. 17Apre sa, l' al kraze gwo fò won lavil Penwèl la, epi li touye mezi gason ki te rete nan lavil la. 18Lèfini, li di Zebak ak Salmouna: -Moun nou te touye sou mòn Tabò a, ki jan yo te ye? Sa yo te sanble? Yo reponn: -Yo te sanble avè ou. Nou ta di yo tout se pitit wa yo ye. 19Li di yo: -Se frè m' yo te ye, pitit menm manman avè m'. Mwen fè sèman, devan Bondye ki vivan an, si nou pa t' touye yo, mwen pa ta touye nou tou! 20Epi li di Jetè, premye pitit gason l' lan: -Annavan! Touye yo! Men, jenn gason an pa wete nepe l' nan djenn li. Li te pè paske li te timoun toujou. 21Lè sa a, Zebak ak Salmouna di: -Annavan non, monchè! Se ou menm ki pou touye nou! Se gason tout bon ki pou fè kalite travay konsa. Jedeyon leve vre, li touye Zebak ak Salmouna. Apre sa, li pran tout bijou ki te gen fòm dekou lalen ki te mare nan kou chamo yo. 22Apre sa, moun pèp Izrayèl yo di Jedeyon konsa: -Se pou ou vin chèf sou nou, ou menm, pitit ou ak pitit pitit ou apre ou. Paske ou delivre nou anba men moun Madyan yo. 23Men, Jedeyon reponn yo: -Mwen p'ap chèf nou, ni pitit mwen p'ap chèf nou tou. Se Seyè a ki va chèf nou. 24Apre sa, Jedeyon di yo: -Yon sèl bagay m'ap mande nou: Se pou chak moun wete yon grenn zanno nan sa li pran an ban mwen. Moun Madyan yo te pote zanno lò, tankou lòt moun k'ap viv nan dezè a. 25Moun pèp Izrayèl yo reponn li: -Se tout plezi nou pou n' ba ou yo! Yo louvri yon rad atè, epi chak moun pran yon zanno nan sa yo te pran an, yo mete l' sou rad la. 26Tout zanno Jedeyon te mande yo te fè antou swasant liv lò konsa, san konte bijou ki te gen fòm dekou lalen yo, kolye yo, bèl rad wouj ki te sou wa yo, ak kolye ki te mare nan kou chamo yo. 27Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l' nan lavil Ofra, kote l' moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo. 28Se konsa moun Madyan yo te vin soumèt devan moun pèp Izrayèl la. Depi jou sa a yo pa janm leve tèt yo ankò. Pandan karantan te gen lapè nan peyi a jouk jou Jedeyon mouri. 29Jedeyon, pitit Joas la, ki rele Jewoubaal tou, tounen al rete lakay li. 30Li te gen swasanndis pitit gason, paske li te gen anpil manman pitit. 31Li te gen yon fanm kay ki te rete Sichèm. Ti fanm sa a te fè yon pitit gason pou li, li rele l' Abimelèk. 32Lè Jedeyon, pitit Joas la, mouri, li te gen yon bèl laj sou tèt li. Yo antere l' nan kavo Joas, papa l', te genyen lavil Ofra, lavil ki te pou fanmi Abyezè yo. 33Apre Jedeyon mouri, pèp Izrayèl la vire do bay Bondye ankò, yo pran fè sèvis pou Baal yo. Yo fè Baal-Berit sèvi yo bondye. 34Se konsa, yo pa dòmi reve Seyè a, Bondye yo a, li menm ki te delivre yo anba men lènmi ki te sènen yo toupatou. 35Yo moutre yo engra, yo bliye fanmi Jedeyon an ansanm ak tout byen li te fè pou pèp Izrayèl la.