1Izrayèl pati avèk tout sa li te genyen. li al Bècheba, li touye bèt, li ofri yo bay Bondye Izarak, papa li. 2Jou lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayèl nan rèv, li di l': -Jakòb! Jakòb! Jakòb reponn: -Men mwen wi. 3Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a. 4M'ap desann avè ou nan peyi Lejip, m'ap fè pitit pitit ou yo tounen isit la ankò. Se Jozèf ki va fèmen je ou lè wa mouri. 5Jakòb pati, li kite Bècheba. Pitit Izrayèl yo pran Jakòb, papa yo, ansanm ak timoun yo ak madanm yo, yo fè yo moute sou cha farawon an te voye pou yo vwayaje a. 6Yo pran tout bèt ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakòb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo. 7Jakòb pran pitit gason l' yo ak pitit fi l' yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout. 8Men non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l' yo. Premye gason an te rele Woubenn. 9Men non pitit Woubenn yo: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. 10Men non pitit Simeyon yo: Jemouyèl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil. Li te fè dènye sa a ak yon fanm peyi Kanaran. 11Men non pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari. 12Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul. 13Men non pitit Isaka yo: Tola, Pouva, Jòb ak Chimwon. 14Men non pitit Zabilon yo: Serèd, Elon ak Jaleyèl. 15Se pitit sa yo Leya te fè pou Jakòb lè yo te Mezopotami. Leya te fè yon fi tout yo te rele Dena. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou tranntwa gason ak yon fi. 16Men non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyèli. 17Men non pitit gason Asè yo: Jimna, Jichva, Jichvi epi Beria. Yo te gen yon sè ki te rele Serak. Beria te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. 18Se pitit gason sa yo Zilpa te fè pou Jakòb. Zilpa sa a, se te sèvant Laban te bay Leya, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèz moun. 19Men non pitit gason Rachèl, madan Jakòb: Jozèf ak Benjamen. 20Pandan Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an, te fè Manase ak Efrayim pou li. 21Men non pitit Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ei, Wòch, Moupen, Oupim epi Ad. 22Se pitit gason sa yo Rachèl te fè pou Jakòb. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou katòz moun. 23Men non pitit gason Dann lan: Ouchim. 24Men non pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè epi Chilèm. 25Se pitit gason sa yo Bila te fè pou Jakòb. Bila sa a, se te sèvant Laban te bay Rachèl, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèt moun. 26Antou sa te fè swasannsis moun, pitit ak pitit pitit ki te desann nan peyi Lejip ansanm ak Jakòb, san konte madanm pitit li yo. 27Avèk Jozèf ki te gen tan fè de pitit nan peyi Lejip, sa te fè antou swasanndis moun laras Jakòb ki te vin nan peyi Lejip. 28Izrayèl te voye Jida devan al mande Jozèf pou l' vin jwenn li Gochenn. 29Jozèf fè pare cha li a, li moute, li al Gochenn, li al kontre papa l'. Rive Jozèf rive devan papa l', li lage kò l' nan bra l', li pase yon bon tan ap kriye sou zepòl li. 30Izrayèl di Jozèf konsa: -Koulye a, mwen wè figi ou, mwen konnen ou vivan toujou, mwen mèt mouri. 31Epi Jozèf di frè l' yo ak tout fanmi papa l' yo: -Mwen pral avèti wa a. Mwen pral di l': men frè m' yo ak tout fanmi papa m' yo ki t'ap viv nan peyi Kanaran vin jwenn mwen isit la. 32Se gadò mouton yo ye. Se bèt yo konn gade. Yo mennen tout mouton yo ak tout bèf yo ansanm ak tout sa yo genyen. 33Lè farawon an va rele nou pou mande nou ki metye nou, 34n'a reponn li: Monwa, depi nou tout piti jouk koulye a, se bèt n'ap gade, tankou tout zansèt nou yo. Konsa, nou ka rete nan peyi Gochenn lan. Li te di yo sa paske moun peyi Lejip yo pa ka sipòte wè moun k'ap gade bèt viv nan mitan yo.