1Men Jakòb rete rete l' nan peyi Kanaran kote papa l' te pase tout lavi l'. 2Men istwa fanmi Jakòb la. Jozèf te yon jenn gason disètan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l' yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l' yo. Li te konn rapòte bay papa l' tout vye bagay yo t'ap fè. 3Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè Jozèf te fèt. Li fè yon bèl varèz long ak manch pou li. 4Lè frè l' yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l'. Yo pa t' louvri bouch avè l' san yo pa joure l'. 5Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l' bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l' pi plis toujou. 6Li di yo: -Mesye, tande yon rèv mwen fè. 7Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tout dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m' lan tankou moun y'ap salwe. 8Frè l' yo di l': -Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l' pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a. 9Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l' bay frè li yo. Li di yo: -Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalen lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen. 10Li rakonte rèv la bay papa l' ansanm ak frè l' yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l': -Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Koulye a, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou? 11Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l' t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li. 12Frè Jozèf yo leve, y ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje. 13Izrayèl rele Jozèf, li di l' konsa: -Frè ou yo mennen bèt yo jouk Sichèm al manje. Vini non, m'ap voye ou bò kote yo pou mwen. Jozèf reponn: -Men mwen wi, papa. 14Izrayèl di l' konsa: -Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l' menm ki te fè l' pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm, 15li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l': -Kisa w'ap chache konsa? 16Jozèf reponn li: -M'ap chache frè m' yo. Tanpri, di m' ki kote yo mennen bèt yo al manje. 17Nonm lan di l': -Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan. Jozèf pati dèyè frè l' yo, li jwenn yo Dotan. 18Men, anvan Jozèf te rive, yo te gen tan wè l' byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l'. 19Yonn di lòt: -Men nonm ki renmen fè rèv la ap vini. 20Annou wè. N'ap touye l', n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l'. Konsa n'a wè si sa l' te wè nan rèv li yo va rive vre. 21Woubenn t'ap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: -Piga nou touye l'. 22Pa fè san koule. Ann voye l' jete nan pi sa a ki nan dezè a. Men, pa leve men sou li. Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove l' anba men yo pou l' te voye l' tounen bay papa l'. 23Lè Jozèf rive bò kote frè l' yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a. 24Yo pran l', yo jete l' nan pi a. Pi a te vid, li pa t' gen dlo. 25Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip. 26Jida di frè l' yo konsa: -Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa? 27Annou vann li ak moun Izmayèl yo. Konsa nou p'ap bezwen leve men nou sou li. Apre tou, se frè nou li ye, se menm san ak nou. Frè l' yo tonbe dakò. 28Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou vin pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l' nan peyi Lejip. 29Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a. 30Li tounen al jwenn frè li yo, li di yo: -Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m' pral fè koulye a? 31Yo touye yon bouk kabrit, yo pran bèl varèz Jozèf la, yo tranpe l' nan san an. 32Yo voye varèz la bay papa yo ak komisyon sa a: -Men sa nou jwenn. Gade wè si se pa varèz pitit gason ou lan. 33Jakòb rekonèt rad la, li di: -Men wi, se varèz pitit gason m' lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l'. Bèt la dechèpiye l' nèt. 34Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan. 35tout lòt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan. 36Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gen tan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.