1Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a. 2Li di konsa: -Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. 3Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo. 4Mwen rele Seyè a, li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a! 5Lanmò te fin vlope m', mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen. 6Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'. 7Nan mizè mwen te ye a mwen rele Seyè a, Mwen mande Bondye mwen sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen. Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li. 8Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Fondasyon syèl la pran tranble. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te an kòlè. 9Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li. 10Li bese syèl la, li desann ak yon gwo nwaj nwa anba pye li. 11Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale. 12Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès plen dlo te vlope l' toupatou. 13Anpil chabon dife tou limen t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan li an. 14Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li. 15Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo, li fè yo tout kouri ak kout zèklè. 16Lè ou an kòlè, Seyè, van soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa, moun wè fon lanmè a, fondasyon latè a parèt aklè. 17Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan mitan gwo dlo yo. 18Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m', epi ki te pi fò pase m'. 19Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te kenbe m'. 20Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen m'. 21Seyè a ban m' sa m' merite, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon paske li wè mwen inonsan. 22Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye. 23Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. 24Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal. 25Se konsa li ban m' sa m' merite, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan. 26Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo, ou bon ak moun ki bon. 27Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen. 28Ou sove moun ki soumèt yo devan ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo. 29Seyè, ou se limyè mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a. 30Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans. 31Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou. 32Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an? 33Se Bondye ki pwoteje m' avè fòs li. Li fè m' mennen yon lavi san repwòch. 34Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe. 35Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen. 36Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki sove m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. 37Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye. 38Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen bat yo. Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nèt. 39Mwen jete yo atè, m' kraze yo, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo. 40Ou ban m' kont fòs pou m' goumen. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon. 41Ou fè yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo. 42Y'ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo. 43Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari. 44Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou fè m' rete chèf pou m' gouvènen tout nasyon yo tou. Pèp mwen pa t' konnen, se yo menm k'ap sèvi m'. 45Moun lòt peyi yo ap achte figi m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi m'. 46Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa. 47Konpliman pou Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m', se li menm ki pwoteje m'. Ann fè konnen jan li gen pouvwa! 48Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen. 49Ou sove m' anba men lènmi m' yo. Ou wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo. 50Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m'a chante pou fè lwanj ou. 51Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.