1Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: --Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan. 2Elize mande l': --Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: --Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil. 3Lè sa a Elize di li: --Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn. 4Lèfini, tounen lakay ou ansanm ak pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Konmanse plen tout ja yo lwil. Chak ja ki plen, w'a mete l' sou kote. 5Se konsa, madanm lan kite Elize, li tounen lakay li al jwenn pitit gason l' yo. Li fèmen pòt. Li pran ti boutèy lwil la, li vide lwil nan ja vid yo. Pitit gason l' yo t'ap pote ja yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo. 6Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. --Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule. 7Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l' tout bagay. Elize di li: --Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w'ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo. 8Yon jou, Elize t'ap pase lavil Chounèm kote te gen yon madanm ki te gen bon ti mwayen. Madanm lan fann dèyè l' pou li vin manje avè l'. Depi lè sa a, chak fwa Elize pase lavil Chounèm, se lakay madanm sa a l' al manje. 9Yon lè, madanm lan di mari l': --Gade! Mwen vin konnen nonm sa k'ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k'ap viv apa pou Bondye li ye. 10Ann bati yon ti pyès an masonn sou teras anwo a. N'a mete yon kabann, yon chèz, yon tab ak yon lanp ladan l'. Konsa, lè la vin vizite nou, la gen yon kote pou l' ka pou kont li. 11Yon jou, Elize te vin lavil Chounèm, li moute nan chanm li, li kouche. 12Li di Gerazi, domestik li a, rele madanm lan pou li. Gerazi rele madanm lan. Lè madanm lan rive, 13Elize di Gerazi konsa: --Mande l' pou mwen kisa m' ka fè pou li pou tout traka li bay tèt li pou nou. Eske li ta vle m' al pale ak wa a osinon kòmandan lame a pou li? Madanm lan reponn: --Mèsi wi. Mwen gen tou sa m' bezwen nan mitan pèp la. 14Elize mande Gerazi: --Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: --Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l' fin granmoun! 15Elize di: --Rele l' pou mwen! Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la. 16Elize di li: --Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: --Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m' manti. 17Men, madanm lan vin ansent jan Elize te di l' la. Se konsa ennan apre, li fè yon pitit gason. 18Ti gason an grandi. Yon jou ti gason an t al jwenn papa l' ki t'ap ranmase rekòt nan jaden l' ak kèk lòt moun, 19li rete konsa, li di papa l': --Woy! Tèt mwen! Tèt mwen! Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l' konsa: --Pote ti gason an bay manman l'. 20Domestik la pran ti gason an, li pote l' bay manman l'. Manman an kenbe ti gason an sou janm li. Rive midi, ti gason an mouri. 21Manman an moute avè l' nan chanm Elize a. Li mete l' kouche sou kabann lan. Li fèmen pòt la, epi li soti. 22Li fè rele mari li, li di l' konsa: --Tanpri, voye yon domestik ban mwen ak yon bourik. Mwen bezwen ale bò kote Elize, pwofèt la. M' p'ap mize. 23Mari a mande l': --Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kot pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: --Sa pa fè anyen! 24Li fè sele bourik la, epi li di domestik li a: --Degage ou fè bourik la mache vit. Pa kite l' al dousman jouk m'a di ou rete. 25Se konsa, li pati pou mòn Kamèl kote Elize, sèvitè Bondye a, te ye. Elize wè l' byen lwen ap vini. Li di Gerazi, domestik li a: --Men madanm lavil Choumèn lan ap vini. 26Kouri al jwenn li. Mande l' si tout moun lakay li byen, li menm, mari l' ak pitit li a. Madanm lan di Gerazi tout moun byen. 27Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: --Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa. 28Lè sa a madanm lan di: --Mèt, se mwen ki te mande ou yon pitit gason? M' pa t' di ou pa ban m' move espwa? 29Elize vire bò Gerazi, li di l' konsa: --Pare kò ou non! Pran baton m' lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pesonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w'a rive, w'a mete baton m' lan sou figi pitit la. 30Men manman ti gason an di Elize konsa: --Mwen pran Seyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou! Lè sa a Elize leve, li pati avè l'. 31Gerazi te gen tan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l'. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l': --Ti gason an pa leve. 32Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan. 33Li fèmen pòt la, epi li pran lapriyè Seyè a. 34Lèfini, li moute kouche sou ti gason an, li mete bouch li sou bouch ti gason an, je li sou je ti gason an ak men l' sou men ti gason an. Li rete kouche konsa sou ti gason an. Kò ti gason an konmanse vin cho. 35Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l' al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènen sèt fwa, epi li louvri je l'. 36Elize rele Gerazi, li di l': --Rele madanm lan pou mwen. Lè madanm lan vini, li di l': --Men pitit gason ou lan. 37Madanm lan tonbe ajenou nan pye Elize, li bese tèt li jouk atè. Lèfini, li pran pitit li, l' ale. 38Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: --Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo. 39Yonn nan pwofèt yo soti al chache kèk fèy legim. Li jwenn yon pye lyann mawon, li keyi kèk fwi ki te tankou ti kalbas, li plen rad li. Li tounen, li koupe yo an ti moso, li mete yo nan bouyon an san konnen sa yo te ye. 40Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: --Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l'. Yo derefize manje. 41Men Elize di: --Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: --Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t'gen pwazon ankò nan manje a. 42Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje. 43Men domestik la di l': --Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: --Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès. 44Domestik la sèvi manje a. Tout pwofèt yo manje, yo kite rès jan Seyè a te di l' la.