1Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè. 2Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an. 3Lè m' ava rive, n'a chwazi kèk moun pou m' voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon. 4Si sa merite pou m' ale tou, y'a fè vwayaj la ansanm avè mwen. 5M'a vin lakay nou lè m'a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fòk mwen pase la anvan. 6Mwen ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n'a ka ede m' ale kote m'a gen pou mwen ale a. 7Fwa sa a, mwen pa vle wè nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kèk tan ak nou, si Bondye vle. 8Men, mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt. 9Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m' fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen. 10Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a. 11Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo. 12Kanta frè Apolòs, mwen pa t' manke ankouraje l' pou l' te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa koulye a. Enben, la fè vwayaj la lè la kapab. 13Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb. 14Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou. 15Frè m' yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a. 16Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou. 17Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtenatis, Akaykis ki vin wè mwen. Yo fè m' santi se tankou si se nou menm menm ki te la avèk mwen. 18Yo remoute kouraj mwen, menm jan yo te remoute kouraj nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo. 19Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakèt bonjou pou nou nan Seyè a. 20Tout frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye. 21M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pòl voye bonjou pou nou tout. 22Si yon moun pa renmen Seyè a, madichon pou li. Seyè nou, vini non! 23Se pou benediksyon Jezi Seyè a toujou la avè nou. 24Mwen renmen nou tout nan Jezikri.