1Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama. 2Men Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon. 3Avèk konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo. 4Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo. 5Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun. 6Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te kouche non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo piye yonn apre lòt, de moun Eleaza pou chak yon moun Itama. 7Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te soti lè yo fin piye: Jeoyarib soti premye, Jedaja dezyèm, 8Arim twazyèm, Seorim katriyèm, 9Malkija senkyèm, Mijamen sizyèm, 10Akòz setyèm, Abija wityèm, 11Jezwa nevyèm, Chekanya dizyèm, 12Elyakib onzyèm, Yakim douzyèm, 13Oupa trèzyèm, Jekebeab katòzyèm, 14Bilga kenzyèm, Imè sèzyèm, 15Ezi disetyèm, Apizèz dizwityèm, 16Petaja diznevyèm, Ezekyèl ventyèm, 17Jakin venteyenyèm, Gamoul venndezyèm, 18Delaya venntwazyèm, Mazya vennkatriyèm. 19Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l' pou yo fè l' la, dapre lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay. 20Men non lòt chèf fanmi ki soti nan fanmi Levi a: Se te Choubayèl nan fanmi Amran, Jedeya nan fanmi Choubayèl, 21Ichiya nan fanmi Rekabya. Se li ki te pi gran. 22Te gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt. 23Nan fanmi Ebwon an te gen Jerija, pi gran an, Amarya, dezyèm lan, Jaziyèl, twazyèm lan ak Jekameam, katriyèm lan. 24Te gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche. 25Jikija, frè Miche a, Zakari, pitit gason Jikija, 26Makli ak Mouchi, pitit gason Merari, pitit gason Jazya yo, ki te pitit Merari. 27Nan fanmi Merari a, Jazya, pitit li, te gen twa pitit gason: Choam, Zakou ak Ibri. 28Makli te gen de pitit gason: Eleaza ki pa t' gen pitit gason, 29ak Kich ki te papa Jerakmeyèl. 30Mouchi te gen twa gason: Makli, Edè ak Jerimòt. Se tout fanmi Levi yo sa dapre non zansèt yo. 31Tankou moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo piye devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri.