1Men non pitit gason Izrayèl yo: Woubenn, Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Zabilon, 2Dann, Jozèf, Benjamen, Neftali, Gad ak Asè. 3Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Seyè a touye l'. 4Tama, bèlfi Jida a, fè de pitit pou Jida. Se te Perèz ak Zerak. 5Perèz te gen de pitit gason. Se te Ezwon ak Amoul. 6Zerak te gen senk pitit gason: Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dada. 7Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Seyè a. 8Etan te papa Azarya. 9Ezwon te papa Jerakmeyèl, Ram ak Keloubayi. 10Ram te papa Aminadab, Aminadab te papa Nachon, yonn nan gwo chèf fanmi Jida yo. Nachon te papa Salma. 11Salma te papa Boz. 12Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi. 13Men pitit Izayi yo: Eliyab, premye pitit gason l', Abinadab, dezyèm pitit gason l', Chimeya, twazyèm pitit gason l', 14Netanèl, katriyèm pitit gason li, Radayi, senkyèm pitit gason li, Ozèm, sizyèm pitit gason li 15ak David, setyèm pitit gason l'. 16De pitit fi Izayi yo te rele Sewouya ak Abigayil. Sewouya, pitit fi Izayi a, te gen twa pitit gason: Abichayi, Joab ak Asayèl. 17Abigayil te fè yon pitit gason pou Jetè, yon moun nan fanmi Izmayèl. Pitit la te rele Amasa. 18Kalèb, pitit Ezwon, te marye ak Azouba. Yo te gen yon pitit fi yo te rele Jeriòt ak twa lòt pitit gason: Jechè, Chobab ak Adon. 19Lè Azouba mouri, Kalèb marye ak Efrata. Yo te gen yon pitit gason yo rele Our. 20Our te papa Ouri, Ouri te papa Bezaleyèl. 21Lè Ezwon te gen swasantan laj, li marye ak pitit fi Maki a, sè Galarad. Yo te gen yon pitit gason yo te rele Segoub. 22Segoub te papa Jayi. Jayi te gouvènen venntwa lavil nan peyi Galarad. 23Men moun Gèchou ak moun Aram yo te pran nan men l' zòn Jayi a ak lavil Kenat ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Sa te fè antou swasant bouk. Tout moun ki te rete nan zòn lan te fanmi Maki, papa Galarad. 24Lè Ezwon mouri, Kalèb marye ak Efrata, madanm Ezwon, papa l'. Efrata fè yon pitit gason pou li ki te rele Askou, papa Tekoa. 25Jerakmeyèl, premye pitit gason Ezwon an, te gen senk pitit gason: Ram, pi gran an, Bouna, Orèn, Ozèm ak Akija. 26Jerakmeyèl te gen yon lòt madanm ki te rele Atara. Atara fè yon pitit gason pou li. Se te Onam. 27Ram, premye pitit gason Jerakmeyèl la, te gen twa pitit gason: Maz, Jamen ak Ekè. 28Onam te gen de pitit gason: Chamayi ak Jada. Chamayi te gen de pitit gason tou: Nadad ak Abichou. 29Madanm Abichou te rele Abijayil. Li fè de pitit gason pou Abichou: Aban ak Molib. 30Nadab, frè Abichou a, te gen de pitit gason: Selèd ak Apayim. Men Selèd mouri san kite pitit gason. 31Apayim te papa Icheyi. Icheyi te papa Chechan, Chechan te papa Alayi. 32Jada, frè Chamayi a, te gen de pitit gason: Jetè ak Jonatan. Men Jetè mouri san kite pitit gason. 33Jonatan te gen de pitit gason: Pelèt ak Zaza. Tout moun sa yo se fanmi Jerakmeyèl yo ye. 34Chechan pa t' gen pitit gason. Tout pitit li yo se fi yo te ye. Li te gen yon domestik ki te moun peyi Lejip. Domestik la te rele Jara. 35Chechan marye yonn nan pitit fi li yo avè l'. Yo te gen yon pitit gason ki te rele Atayi. 36Atayi te papa Natan, Natan te papa Zabad. 37Zabad te papa Efal, Efal te papa Obèd. 38Obèd te papa Jeou. Jeou te papa Azarya. 39Azarya te papa Elèz. Elèz te papa Elasa. 40Elasa te papa Sismayi, Sismayi te papa Chaloum. 41Chaloum te papa Jekamya. Jekamya te papa Elichama. 42Premye pitit gason Kalèb, frè Jerakmeyèl la, te rele Mecha. Mecha te papa Zif. Marecha, dezyèm pitit Kalèb la, te papa Ebwon. 43Ebwon te gen kat pitit gason: Kora, Tapwak, Rekèm ak Chema. 44Chema te papa Raam ki te papa Jòkeam. Rekèm te papa Chamayi. 45Chamayi te papa Maon ki te papa Betsou. 46Kalèb te gen yon lòt fanm kay yo te rele Efa. Li fè twa lòt pitit avè l': Aran, Moza ak Gazèz. Aran te gen yon pitit gason yo te rele Gazèz tou. 47Yon nonm yo te rele Jadayi te gen sis pitit gason: Regèm, Jotam, Gechan, Pelèt, Efa ak Chaf. 48Kalèb te gen yon lòt fanm kay ankò ki te rele Maka. Maka fè de pitit gason pou li: Chebè ak Tirana. 49Apre sa, Maka fè de lòt pitit gason: Chaf ki te papa Madmana, ak Seva ki te papa Makbena ak Gibeya. Kalèb te gen yon pitit fi tou ki te rele Aksa. 50Tout moun sa yo te nan fanmi Kalèb. Our te premye pitit gason Efrata ak Kalèb. Men pitit li yo: Chobal ki te papa Kiriyat-Jearim, 51Salma ki te papa Betleyèm, ak Arèf ki te papa Betgadè. 52Chobal, papa Kiriyat-Jearim, te zansèt moun Awoyè yo, mwatye nan moun ki rete Menouyòt yo, 53ak moun ki te rete nan Kiriyat-Jearim, ki vle di: moun Jetè yo, moun Pout yo, moun Choumat yo ak moun Michra yo. Moun ki rete lavil Sora ak lavil Echtawòl yo te soti nan branch fanmi moun sa yo tou. 54Salma, papa Betleyèm, te zansèt moun lavil Netofat, moun lavil Atwòt-Bèt-Joab, ak moun Sora yo ki te yonn nan de branch fanmi ki te rete Manarat yo. 55Men branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki soti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo.